Senbòl la
Jan yon chèf fanmi dwe anseye li nan yon fason ki senp ak moun lakay li
Premye Atik la: Kreyasyon
“Mwen kwè nan Bondye Papa Toupuisan an ki fè syèl la ak tè a.”
Sa sa vle di? Mwen kwè ke se Bondye ki te kreye mwen ak tout lòt kreyati yo. Ke se li ki ban mwen kò mwen ak nanm mwen, zye, zòrèy, ak tout manm mwen yo, rezon mwen ak tout sans mwen yo, epi li toujou prezève yo; Li ban mwen tou rad ak soulye, vyann ak bwason, kay ak fwaye, fanmi, jaden, betay ak tout byen m yo; Chak jou li ban mwen richman tout sa mwen bezwen pou sipòte kò sa a ak vi sa a; Li defann mwen nan tout danje, li kenbe mwen epi li pwoteje mwen nan tout malè; Tout bagay sa a soti sèlman nan bonte ak mizerikòd patènèl li, diven li, san pyès merit oubyen valè nan mwen; Sa m dwe fè pou tout bagay sa yo, se pou m di li mèsi epi fè louanj li, sèvi epi obeyi li.
Sa se yon bagay ki sètènman vre.
Dezyèm Atik la: Redanmsyon
Epi nan Jezikri, sèl pitit li a, Seyè nou an ki te pran fòm nan vant granmèsi Sentespri a, li fèt nan lavyèj Mari, li soufri anba Pons Pilat, li te kloue sou yon kwa, li mouri, epi antere, Li te desann nan lanfè. Sou twazyèm jou a li te soti nan lanmò. Li monte nan syèl, epi li chita adwat Bondye Papa Toupuisan an. L ap soti la pou l vin jije vivan yo ak mò yo.
Sa sa vle di? Mwen kwè ke Jezikri, se Bondye tout bon vre, li fèt nan Papa a depi letènite, epi li se moun tout bon vre tou, li fèt nan lavyèj Mari, se Seyè mwen, ki rachte mwen yon kreyati pèdi epi kondane, li achte mwen, epi li retire mwen anba tout peche, anba lanmò ak anba dyab la; se pa avèk lò oubyen lajan, men avèk san li ki sen e presye, epi avèk soufrans, ak lanmò inosan li a; pou m ka pou li, pou m viv anba li nan wayòm li a, sèvi nan jistis ki pap janm fini, nan inosans ak bonè; menm jan li leve nan lanmò l ap viv, epi l ap gouvène pou tout letènite.
Sa se yon bagay ki sètènman vre.
Twazyèm Atik la: Sanktifikasyon
Mwen kwè nan Sentespri a, Legliz kretyen ki Sen an, la kominyon Sen yo, padon peche a, rezireksyon kò a, ak lavi ki pap janm fini an. Amen.
Sa sa vle di? Mwen kwè ke avèk pwòp rezon mwen oubyen fòs mwen, mwen pa kapab kwè nan Jezikri, Seyè mwen, oubyen vin jwenn li; men Sentespri a rele mwen granmèsi Levanjil la, li klere mwen avèk don li, sanktifye mwen, epi kenbe mwen nan lafwa tout bon an; menm jan li rele mwen, li rasanble, klere ak sanktifye tout Legliz kretyen sou latè, epi kenbe li avèk Jezikri nan sèl lafwa tout bon vre a; nan Legliz kretyen sa a, li padone chak jou, epi san limit, tout peche mwen ak pa tout lòt moun ki kwè; nan dènye jou a li va resisite mwen ak tout mò yo, epi li va ban mwen ak tout moun ki kwè nan Kris lavi ki pap janm fini an.
Sa se yon bagay ki sètènman vre.