Ti Katechis Luther la

pa Doktè Martin Luther

Lapriyè chak jou

Lapriyè chak jou

Jan chèf fanmi an dwe anseye moun lakay li lapriyè maten ak aswè

Lapriyè Maten

Nan maten, lè ou leve, fè siy sent kwa a epi di:

Nan non Papa a, Pitit la, ak Lesprisen an, Amèn.

Aprè sa, met ajenou oubyen kanpe, repete senbòl la ak lapriyè Seyè a ; si ou vle, ou kapab di tou ti lapriyè sa a:

Mwen di ou mèsi, Papa mwen ki nan syèl la, nan Jezikri, Pitit ou ki chè a dèske ou te pwoteje mwen pandan nuit sa a kont tout mal ak danje, epi mwen lapriyè ou ke ou kapab pwoteje mwen jodi a kont peche ak tout mal konsa tout sa m fè ak lavi mwen kapab fè ou plezi, paske se nan men ou mwen remèt mwen, kò mwen, nanm mwen, ak tout bagay. Ke sen zanj ou a kapab avèk mwen, konsa mechan advèsè a pap kapab genyen pyès pouvwa sou mwen. Amèn.

Aprè sa, ale nan travay ou avèk kè kontan, chante yon chan, tankou sa dis kòmandman yo, oubyen nenpòt sa devosyon ou kapab sijere.

Lapriyè Aswè

Nan aswè, lè ou ale nan kabann ou, fè siy sent kwa a, epi di:

Nan non Papa a, Pitit la ak Lesprisen an, Amèn.

Aprè sa, met ajenou oubyen kanpe, repete senbòl la ak lapriyè Seyè a. Si ou vle, ou kapab di tou ti lapriyè sa a:

Mwen di ou mèsi, Papa mwen ki nan syèl la, nan Jezikri, Pitit ou ki chè a, paske ou te kenbe m avèk gras ou jou sa a, epi mwen lapriyè ou ke ou kapab padonnen tout peche mwen kote mwen te fè mal, epi avèk gras kenbe mwen aswè a. Paske se nan men ou mwen remèt mwen, kò mwen, nanm mwen, ak tout bagay. Ke sen zanj ou a kapab avèk mwen konsa mechan advèsè a pap kab genyen pyès pouvwa sou mwen. Amèn.

Aprè sa ale dòmi tousuit, ak kè kontan.

Jan chèf fanmi an dwe anseye moun laka li mande yon benediksyon epi di mèsi

Mande yon Benediksyon

Timoun yo ak manm kay la prale bò tab la avèk respè, kwaze men yo, epi di:

Je tout moun ap gade sou ou. O Letènèl, ou ba yo manje yo nan lè yo vle, ou louvri men ou epi ou satisfè dezi tout bagay ki vivan.

Aprè sa w a di lapriyè Seyè a epi sa a:

Seyè Bondye, Papa ki nan syèl la, beni nou ak kado ou, sa yo nou resevwa nan bonte liberal ou, nan Jezikri, Seyè nou. Amèn.

Di mesi

Konsa tou, aprè yo fin manje, yo va, nan menm fason an avèk respè, men yo kwaze di:

O, di Seyè a mèsi, paske li bon, paske konpasyon li dire pou toutan. Li bay manje ak tout chè, li bay bèt la manje li, epi ak jenn kòbo yo ki kriye. Li pa pran plezi nan fòs chwal la. Li pa pran plezi nan janm yon nonm. Seyè a pran plezi nan moun yo ki gen krent pou li, nan sa yo ki espere nan mizerikòd li.

Aprè sa yo di lapriyè Seyè a, epi sa a:

Nou di ou mèsi, Papa ki nan syèl la nan Jezikri, Seyè nou, pou tout byenfè ou yo, ou menm k ap viv epi k ap gouvènen pou toutan gen tan. Amèn.