Ti Katechis Luther la

pa Doktè Martin Luther

Dis Kòmandman yo

Dis Kòmandman yo

Jan chèf fanmi an dwe anseye yo nan yon fason ki senp ak moun lakay li

Premye Kòmandman an

Piga nou gen lòt Bondye pase mwen menm sèlman.

Sa sa vle di? Nou dwe gen krent, renmen ak kwè nan Bondye pase tout lòt bagay.

Dezyèm Kòmandman an

Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an.

Sa sa vle di? Nou dwe gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa bay madichon, fè sèman, sèvi ak maji, oubyen twonpe moun nan non li ; men rele li nan tout afliksyon, lapriyè, fè louanj, epi di li mèsi.

Twazyèm Kòmandman an

Toujou sonje jou repo a pou nou mete l apa pou mwen (se pou nou sanktifye jou sen an).

Sa sa vle di? Nou dwe gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa meprize predikasyon ak pawòl li, men gade li sakre, tande li ak kè kontan, epi aprann li.

Katriyèm Kòmandman an

Obeyi papa nou ak manman nou, paske sa se yon bagay ki dwat devan Bondye, respekte papa ou ak manman ou, pou w ka viv lontan ak kè kontan sou latè.

Sa sa vle di? Nou dwe gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa meprize paran nou ak mèt nou, ni tou pou nou pa fè yo fè kòlè, men pou n sèvi yo, obeyi yo, kenbe yo nan renmen, epi gen estim pou yo.

Senkyèm Kòmandman an

Piga nou touye.

Sa sa vle di? Se pou nou gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa blese ni fè tò ak vwazen nou. Men pou nou ede l, epi fè zanmi ak li.

Sizyèm Kòmandman an

Piga nou fè adiltè.

Sa sa vle di? Se pou nou gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou ka mennen yon vi ki pi pwòp nan pawòl ak nan zèv, nou chak dwe renmen epi onore madanm nou.

Setyèm Kòmandman an

Piga nou pran sa ki pa pou nou.

Sa sa vle di? Se pou nou gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa pran lajan frè parèy nou osinon byen l, ni genyen move konduit ; men ede li amelyore epi pwoteje propriyete li ak biznis li.

Uityèm Kòmandman an

Piga nou bay manti sou frè parèy nou.

Sa sa vle di? Se pou nou gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa demanti avèk riz ; trayi, kalomnye ak di sa kip a vre sou frè parèy nou, men defann li, pale byen de li, epi pale de li ak lamou ak charite nan tout bagay.

Nevyèm Kòmandman an

Piga nou pote lanvi sou kay frè parèy nou.

Sa sa vle di? Se pou nou gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa chèche ak riz pou n genyen eritaj oubyen kay frè parèy nou, oubyen genyen li pa yon aparans jistis, men pou n ede li, epi sèvi li nan konsève eritaj li ak kay li.

Dizyèm Kòmandman an

Piga nou pote lanvi sou madanm frè parèy nou, ni sou moun k ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou okenn lòt bagay ki pou frè parèy nou.

Sa sa vle di? Nou dwe gen krent ak renmen pou Bondye, pou nou pa detounen, fòse, oubyen pran madanm frè parèy nou, moun k ap sèvi lakay li, oubyen bèf li, men oblije yo rete epi fè devwa yo.

Fen Kòmandman yo

Kisa Bondye di nan tout kòmandman sa yo?

Li di konsa: Mwen menm, Seyè a, Bondye w la, mwen se yon Bondye jalou, ki pini fot papa yo sou timoun yo jiska twazyèm ak katriyèm jenerasyon, yo menm ki rayi mwen, epi ki fè gras ak tout moun ki renmen mwen epi ki gade kòmandman mwen yo.

Sa sa vle di? Bondye menase pou l pini tout moun ki dezobeyi kòmandman sa yo. Pakonsekan, se pou nou pè kòlè li, epi pou nou pa aji nan yon jan ki kontrè ak tout moun ki obsève kòmandman sa yo. Nou dwe renmen, kwè nan li tou, epi aji volontèman dapre kòmandman li yo.